
Bandi ak zam rive kidnape maten vandredi 6 janvye 2023, ant Premye avni ak riyèl Alèt, zòn nan kapital Pòtoprens, Jordany Petit Frère alyas Sexy Joe ki se kibòdis gwoup mizik Disip.
Apre dènye bal gwoup mizik Disip t ap jwe nan peyi a, nan Kavayon, komin depatman Sid, pou fèt koumansman lane 2023 a, pandan gwoup la t ap rantre nan kapital la, Pòtoprens, bandi ak zam kidnape kibòdis Sexy Joe.
Daprè enfòmasyon medya Randevou-A bay, gwoup mizik Disip pa t jwenn gwo difikilte sou wout la, apre yo te fin peye lajan nan plizyè pwen fiks bandi ak zam yo tabli sou wout Matisan.
Pandan bis la, ki te genyen abò li lid-vokal djaz la, Gazman Pierre-Louis alyas Gazman Koulè ak manadjè li, te rive ant Premye avni ak riyèl Alèt, yon machin kwaze devan l, epi bandi ak zam monte pran Sexy Joe.
Gwoup mizik Disip te sou wout pou pran direksyon Ayopò Tousen Louvèti pou rantre West Palm Beach, peyi Etazini, pou jwe yon bal aswè a ak gwoup Klass, daprè KonpaEvents.
Pou kounye a okenn gwoup bandi ki nan zòn Matisan poko revedike kidpanin ki fèt sou kibòdis Sexy Joe, epi poko reklame okenn ranson.
Thanks for another informative website. Where else could I get that type of information written in such an ideal way? I’ve a project that I’m just now working on, and I’ve been on the look out for such info.