Multi Services Agricole Haitien (MUSAH) lanse ofisyèlman pwojè relans agrikòl pòs-seyis pou 80 fanm kap pwodwi mayi ak pwa nan Biren 2zyèm seksyon komin Tòbèk. Yon pwojè ki vize valorize medam yo epi akonpaye plantè yo nan zòn sika. Kowòdonatè MUSAH, Agronòm Jhems Aristil, fé kwè Milti Sèvis la pap kiye medam yo pou kont yo.

Prezidan MUSAH, Jean Sergot Mathieu, fè konnen agrikilti a neglije anpil nan Biren. Pandan l fè konnen fanm nan zòn sa yo gen anpil kouraj pou yo travay e yo pa pè lapli. « Medam Biren yo kwè nan fè jaden yo e yo djanm », deklarasyon Prezidan MUSAH.

Asistan responsab Biwo Agrikòl komin Tòbèk la Agronòm Fontaine Guy Robert di BAC la ap pote anpil apwi bay plantè nan zòn sa. Kote yap gen pou entèvni nan fè fómasyon pou plantè yo. Pandan yap asire yo tout bagay ap byen mache nan kad pwojè a. Doktè nan Agrikilti, Agronòm Junior Aristil, ki se konsiltant pwojè sa estime pwojè sa pral gen anpil enpak sou plantè yo. Pandan Kowòdonatè MUSAH, Agronòm Jhems Aristil, di li espere pwojè a ap yon reyisiy pou zòn lan. Epi li pral pèmèt medam yo konn valè pwa yo peze nan sosyete a.

Youn nan 80 Benefisyè pwojè sa, remèsye MUSAH pou inisyativ epi mande medam yo pou yo pa al kwit pwa ak mayi yo pral ba yo a. Yon lòt Benefisyè mande pou yo panse pou kire kanal yo akoz yo pa ka plante san dlo. Pwojè sa ap dire 9 mwa se Enstiti Ayisyen devlopman HDI kap finanse l. Pwojè sa vini nan yon moman tout moun ap plenyen pou manje ki chè, lavi a ki vin di. Alòske se chak jou tout moun ap konstate se kay kap plante nan tè ki konn bay manje yo anba je otorite yo. Dayè se yo k bay otorizasyon.

Widshell Augustin

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
7 thoughts on “MUSAH deside akonpaye fanm nan Tòbèk yo”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook