Nan yon nòt pou laprès ki date 5 desanm 2022 Konsèy Nasyonal
Telekominikasyon yo (KONATEL) pote presizyon konsènan posibilite pou konpayi amerikèn Starlink ta rive an Ayiti pou l ofri sèvis entènèt. Selon KONATEL ekipman yo pa gen menm valè pou yon dwa eksplatasyon yon rezo oswa yon sèvis.
Anpil moun te rete kwè Konsèy Nasyonal Telekominikasyon la gen yon move konpòtman paske l ta refize bay konpayi amerikèn Starlink aksè ki swete entegre mache Ayisyen an pou ofri l sèvis entènèt satelit li yo.
KONATEL pote presizyon sou dosye a, nan nòt de près la li di yon lòt fwa ankò li pran enterè piblik la ki sisite yon pèspektiv sou rive nan mache Ayisyen Starlink, ki se yon konpayi amerikèn eskpwatan yon konsolasyon pou bay entènèt satelit an Ayiti.
KONATEL enfòme yon premyè etap te gen tan franchi nan demach pou otorizasyon pa omologasyon estasyon teryèn itilizatè Starlink yo. Konsa l souliye omologasyon an se pwosesis ladan l otorite yo evalye konfòmite yon ekipman nan prensip ki tabli pou fonksyone sou teritwa.
« Dwa sa tabli pou lisans ki pral bay aksè aprè soumisyonè ki kapab akite tout obligasyon teknik yo, administrativ yo ak finansyè ki rekeri pa lalwa reglemantè yo. Prensip sa aplike tout soumisyonè ki pap kapab ofri okenn konsepsyon », selon sa KONATEL soulinye.
Wilnor MEDILIEN
I am born for leadership. This is a giant desert burning by existence비아그라구입.