Nan moman sa menm gen anpil tire nan rantre sid Kapital la, patikilyèman nan katye Matisan AK fontamara toujou nan Kad konfli ki genyen ant twa gwoup gang kap dirije zòn sa.

Bal pa sispann chante nan rantre sid Kapital la, daprè enfòmasyon plizyè Moun ki rete nan katye Fontamara bay sal nouvèl  » Mano aktyalite  » se toujou nan Kad afwontman ki genyen depi plizyè lane ant bandi gran ravinn, tibwa AK vilaj de Dye.

Daprè Plizyè sous konbine redaksyon Mano Actualité ka fè konfyans << se Yon goumen ki rekòmanse ayè jedi 6 oktòb 2022 a kote mesye  » Ti Lapli  » yo AK mesye « Izo » yo bezwen enstale Yon chèf nan Fontamara ki pou gen kontwòl mache la wochèl ( Mache pwason an ) ki pou kounya sou kontwòl Krisla ki se chèf Tibwa >>.

Enfomasyon nou rive konfime gen plizyè Moun ki pran bal mawon Pandan yo anndan lakay yo nan katye Fontamara, men nou pa an mezi pou nou diw si gen Moun ki mouri.

Pratikman anyen pat fonksyone nan zòn sa pandan jounen an , Magazen boutik bank bòlèt tout te fèmen pòt yo, anpil Moun te oblije pase pa  » ti kajou  » pou yo rive lavil pat gen okenn mwayen pou okenn Moun frekante wout Matisan an.

Nap prezise genyen 2 gwo machinn sòlda Krisla yo kwaze nan wout la depi semènn pase nan Fontamara 29 ki bloke Kapital la AK rès depatman yo .

Par Fegens DUPICHE

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
3 thoughts on “Matisan: Lagè bandi ak zam retounen nan antre sid kapital la, Plizyè Moun pran bal anndan kay yo, me tout rezon ki koz lagè sila”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook