Lapolis tire ak boule tou vivan yon jèn gason 21 lane sou Wout Ayewopò, yè jedi 15 septanb 2022 an, daprè deklarasyon papa viktim nan nan Jounal Premye Okazyon sou RTVC.

Widley Veron Joseph se non jèn gason sila lapolis tire ak boule tou vivan sou Wout Ayewopò a, anfas Berhmann Motors, pandan l pral chaje laptop li, yè jedi an. Dezyèm loreya pou Depatman Lwès la, Widley Joseph jwenn yon bous pou etidye medsin nan peyi Kanada, selon deklarasyon papa l.

Ak dlo nan je, papa l deklare l mande polisye yo pèmisyon plizyè fwa pou mennen pitit li lopital. Paske l te remake l t ap bat atè an avan polisye yo boule l.

Jefferson VOLCIMUS

2 thoughts on “Lapolis ta tire epi boule Widley Veron Joseph, dezyèm loreya Depatman Lwès la”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook