Jodi madi 14 septanm 2022 a, yon gwoup moun pyès moun pa rive idantifye debake nan Tomasen 48B epi anvayi kay Mèt André Michel. Moun sa yo boule yon machin ki te devan kay la, kraze depi se bagay yo jwenn epi vide anpil wòch sou kay la. Zak sila gen gwo men kache dèyè l si n ta vle entèprete pawòl ansyen minis kondisyon feminin lan, Marjory Michel.

Gwoup prezime militan ki sot sakaje kay mèt André Michel la maten an se Nenel Cassy, Youry Latortue, Anel Belizaire ak boubout li Magalie Habitant ki voye yo fè aksyon sa, selon Marjory Michel, alye Mèt André Michel, ki gentan jwenn rezilta ankèt la san lajistis poko menm pwononse l sou dosye a.

« Map tann konsòsyom Nenel Cassy, Youri Latortue, Anel Belizaire ak boubout li Magalie Habitan e konsò , ki deside e voye boule kay Andre, Marjory, Ricard ak Edmonde », se sa militant Marjory Michel fè konnen sou kont Facebook avan li ajoute Jeanty Manis, Ezechiel Guerrier bwa dwat Senatè Nenel e asosye Konsòsyòm lan, se yo ki gen misyon mache mennen yon gwoup vakabon al boule kay moun ki kontrè ak yo.

Ansyèn minis lan kontinye pou l di : » Marjory, André, Ricard, Edmonde pa gen pyès fichye krim ekonomik ak dwa moun nan Peyi a.
Nou sèlman peche paske nou se sitwayen ki respekte tèt yo, pawòl ansyèn opozan fawouch ansyen prezidan Jovenel Moïse, Marjory Michel, ki gentan mennen ankèt epi jwenn kiyès ki poze aksyon sa kèk èd tan apre.

Selon enfòmasyon nou rive jwenn, moun ki lapide kay mèt la pa ta ale ak anyen ki te andan an.

Epi, atak sa vini aprè mèt André Michel te fè konnen si pou Premye Minis Ariel Henry ta bay pouvwa fòk se si l ta mouri oswa nan yon dyalòg sensè k ap pèmèt jwenn yon antant pou eleksyon rive fèt andan peyi an.

4 thoughts on “Dife kay Mèt André Michel: Marjory Michel bay detay sou plizyè lidè politik ki voye boule kay mèt la tankou: Youri Latortue, Anel Belizaire ak lòt toujou”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook