Nan moman n ap pale an endividi ak zam ap Simen latwoublay nan antre nò kapital prensipalman sou wout Canaan an. Gen yon gwoup Etidyan ki t ap pral nan seminè ak egzamen nan EDSEG (Lekòl Dwa Gonayiv) ki oblije kouri antre anba raje pou sove po yo paske endividi ak zam yo t ap pete bal touprè bis yo te ye a. Etidyan sila yo mande sipò lapolis prese prese.

Jodi dimanch 11 septanm 2022 a sikilasyon parèt konplike pou moun k ap fè wout kanaran, antre nò kapital la. Nèg ak zam k ap dirije zòn sa, ap pete anpil bal a dwat a goch. Yon sitiyasyon ki kreye anpil panik lakay tout moun k ap fè wout Canaan an pami yo yon gwoup Etidyan fakilte dwa Gonayiv.

Etidyan sa yo ki t ap kite pòtoprens jodi dimanch 11 septanm pou rann yo gonayiv pou y al patisipe nan yon seminè epi konpoze nan EGSEG (Dwa Gonayiv), oblije kouri al kache anba raje tèlman bal ap chante nan zòn Canaan.

Anpil lòt chofè ak lòt moun ki t ap pral fè zòn lan, oblije kase tèt tounen nan lide pou pwoteje tèt yo. Etidyan sa yo ki anba raje a deja lanse yon SOS bay lapolis pou vini pote yo sekou.

« Bonjou tout moun mwen ak yon lòt kamarad nou te nan wout pou n ale Canaan jodi an. Malerezman bandi anvayi nou. Mwen anba yon raje, m pa gen anyen, m pa pran bal men nèg yo tire pre m », Kri youn nan etidyan ki sou chòk.

Pou kounya, redaksyon Mano Actualité a pa konnen si gen viktim. Toutfwa , n ap toujou rete konekte ak gwoup Etidyan ki anba raje a pou konnen si gen evolisyon.

5 thoughts on “SOS pou yon gwoup Etidyan EGSEG ak anpil lòt pasaje nan gwo difikilte zòn Kanaran”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook