
Nan yon nòt ki soti dimanch 21 dawou a, SDP di li mete chapo l byen ba, pou salye kouraj popilasyon an k ap travèse yon moman trè difisil anba men kriminèl tout kalite rejim PHTK a mete sou peyi a.
Nan nòt sa a, SDP deklare soti 2011 rive 2021, PHTK aplike kòm pwogram fò nan Politik gouvènmantal li: gansterizasyon Peyi a. Depi yo te rive sou pouvwa a.
kriminèl san fwa ni lwa sila yo detwi totalman lavi sosyal, politik ak ekonomik peyi a. Yo lage Peyi a ak Pèp la nan dezawa total.
Pi lwen, SGP fè konprann gran banditis sa pran pèp la prizonye. Zak sasinay ki fèt sou 3 manm yon menm fanmi jounen samdi 21 out la ansanm ak konfyolo yo marinen ak Sèten aktè ekonomik pou anpeche pèp la jwenn gaz pou mennen aktivite li yo, se temwayaj klè teworis sa yo p ap chome.
Pandan li di l ap kondane san rezèv tout zak kriminèl kèlkeswa nati l ak motivasyon l sou yon popilasyon ki deja ozabwa anba grangou, kidnaping, kontrebann elatriye,
SDP di lj pataje doulè ak lapèn eprèv sa pote nan mitan fanmi 3 moun sila yo ki tonbe jounen samdi 20 out la .
Yon lòt bò, SDP di li ankouraje ak tout fòs li jefò PNH la, anba otorite gouvènman an, ap deplòtonnen nan trake bandi nan 4 kwen peyi a tankou Lwès, Latibonit,Sidès,Nip elatriye. Annatandan yo rive mete men sou chèf gang 400 mawozo a k ap chache met van nan vwèl li pou l pa reponn kesyon sou zak ak krim gang l ap dirije a selon sa lalwa rekòmande,SDP adrese felisitasyon li yo bay popilasyon nan Ti Rivyè latibonit ki trase wout pou moutre se nan solidarite popilasyon an ak sektè PNH la Peyi a ka rive dechouke bandi lè yo akonpaye epi aplodi operasyon kont gang Savyen an.
SDP fè konnen, rezistans bandi yo p ap kenbe lontan lè maryaj popilasyon an ak PNH la konsome tout bon vre.
Pandan li di l ap mande pèp la aprann egzanp moun savyen yo,
SDP ap pwofite mande enjényè-agwonòm Ricard PIERRE ki reprezante li nan gouvènman an pou l mande gouvènman an pou l pran mezi sa a yo :
1) pran tout mezi nesesè pou mete gaz la disponib nan ponp yo, sanksyone tout moun k ap chache alimante mache nwa pwodwi esansyèl sa a.
Sa ap diminye tou danje pou moun mouri ak pou byen moun pèdi anba gwo dife
2) rekile pou 2 a 4 semèn dat ouvèti lekòl la pandan operasyon polis yo ap miltipliye nan trake bandi yo pou pèmèt timoun yo pran chimen lekòl san gwo danje ak menas sou lavi yo
3) veye koken k ap fèt nan dosye gaz la a
4) jwenn yon fòmil pou sipòte manman ak papa pitit yo pou antre lekòl la .
Nan nòt sa a ki pote siyati André Michel, Marjory Michel, ak Joël Costumé;SDP raple gouvènman an ak operatè lajistis yo, se lave men siye atè si pandan y ap dechouke bandi ak sapat, yo pa kontinye trake kriminèl ak kravat k ap achte epi vann zam ak minisyon anndan Peyi a.
Bernado TINTIN
549439 982388As I web site owner I believe the content material material here is really superb, thanks for your efforts. 421412
416011 940837I like this site because so a lot utile stuff on here : D. 592806