Gwoup gang Ti Makak la boule yon ansyen senatè, Yvon Buissereth, nan Laboule 12, jodi samdi 6 dawout 2022 an, daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon jounal Mano Actualité.

Yvon Buissereth se non yon ansyen senatè depatman Sid, aktyèl prezidan EPPLS, bandi ak zam boule ak tout chofè l nan yon Zo Reken imatrikile OF-4160, nan Laboule 12, Kafou Dezire. Selon yon Tweet Gaj FM, ansyen senatè an se alye Toto.

Komisè Gouvènman an, Jacques Lafontant, akonpanye ak Jijdepè sipleyan PetyonVil lan, Noël Clément, pou konsta legal, nan wout pou ale nan zòn krim nan, deja louvri yon ankèt sou zak la.

N ap raple, bal t ap tire sòti Taraz rive Laboule 12. Bandi yo, ta sanble, te vle pran Komisarya Polis Laboule 12 lan. Fas ak anpil kout bal ki t ap tire pandan twazèdtan, de (2) polisye ki te la yo te kraze rak.

Jefferson VOLCIMUS

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
4 thoughts on “Laboule 12 : Bandi ak zam boule yon ansyen senatè”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook