Nan yon nòt pou Laprès ki rann piblik jodi madi 13 jiyè 2022 a, Òganizasyon politik Fanmi Lavalas fè konnen li kondane zak sasinay k ap fèt chak jou sou pèp ayisyen an, sitou moun nan komin Site Solèy, epi mande popilasyon an kòm kado, pou ofri prezidan Jean Bertrand Aristide 15 jiyè k ap vini an, pou li montre mannyè sekirite kapab retounen nan tout peyi a.

Depi kèk jou afwontman ant gang ak zam retounen nan komin Site Solèy. Nan sans sa, Òganizasyon Politik Fanmi Lavalas kondane ak tout fòs li, nan yon nòt, move aksyon abitan Site Solèy yo ap sibi anba men bandi ak zam, kote anpil nan yo rive kite lakay yo pou sove po yo anba kout bal.

Akoz zak sa yo, daprè Fanmi Lavalas, san malere ak malerèz yo pa sispann koule. Fas ak sitiyasyon malouk sa yo, Òganizasyon an fè konnen li kanpe bò kote pèp la pou drese byen djanm, nan bon wout batay pou peyi a kapab gen sekirite.

«Plis nou rasanble, plis nou mobilize se plis viktwa nou asire. Se pèp la ki pou sove pèp la», estimasyon ki ekri nan nòt Fanmi Lavalas la.

«Nan dat 15 jiyè a k ap vini la a, pi bèl kado nou ka prezidan Aristide, se montre kijan nou vle sekirite retounen nan tout kwen anndan peyi a», Fanmi Lavalas ajoute nan nòt pou Laprès la.

Antouka, 15 jiyè se dat fanmi lavalas kase randevou ak patizan li yo. Sepandan, fò n raple dènye mobilizasyon òginzasyon Fanmi lavalas te òganize dimanch 26 jen pase a te pou pote solidarite yo ak lidè yo, Jean-Bertrand Aristide, te pote ale lavi yon militan agaje, Gary Philémond, pandan jis jounen jodya nou poko tande pozisyon ofisyèl fanmi lavalas sou zak asinay sila ki te fè sou kamarad yo.

36 thoughts on “Fanmi Lavalas pran pozisyon sou sa k ap k ap pase Site Solèy la, epitou bay popilasyon an randevou 15 jiyè kap vini la”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook