Chak jou anviwon yon milyon moun moute avyon an tout sekirite. Nan yon ane, plis pase 4 milya pasaje vwayaje nan avyon san pwoblèm. Nan anviwon senkantan endistri ayewonotik la revolisyone kesyon de vwayaj nan mond lan sa ki rann avyon se youn nan mwayen transpò ki plis an sekirite nan mond lan. Sa pa evite tou gen kèk aksidan avyon trè trè ra ki pase nan mond lan. Pami aksidan trè ra sa yo, nap site aksidan ti avyon ki sot fèt sou wout ray la jou ki te mèkredi 20 avril 2022 a nan Pòtoprens.
Avyon plis mentnans.
Yon avyon se yon materyèl sansib, li toujou mande sa yo rele mentnans, savledi pase men ladanl gade kijan lap mache si tout bagay ok. Nòmalman apre chak vòl, sa nou rele tou nan langaj avyasyon an yon « cycle », yo sipoze verifye avyon an , gade eta kawotyou yo, gade sil pa gan enpak fizik vizib sou tout kòl.
Avan chak vòl tou, Pilòt prensipal la, sa yo rele « commandant de bord la » sipoze asiste e verifye chajman gaz yap mete nan tank avyon an,se li menm ki ap deside ki kantite gaz yap mete nan avyon an e apresa verifye eta fizik avyon an si li kapab reyalize vòl la.
Yon avyon dwe resevwa 4 tip mentans diferan, sa nou ka rele tou vizit teknik.
1.- Revizyon A
Revizyon saa sipoze fèt apre chak 400-600 èd tan, kote mekanisyen avyon ki gen bon konpetans sipoze revize avyon an pandan anviwon 10 èd tan pou gade sil pa gen pwoblèm epi fè mentnans ladanl.
2.-Revizyon B
Se yon revizyon ki sipoze fèt apre chak 6-8 mwa,li mande anviwon 160 a 180 èd tan ap pase men ak anpil swen nan avyon an.
3.- Revizyon C
Se yon revizyon ki dwe plis apwofondi , li sipoze fèt anviwon chak 2 zan, mentnans saa sipoze pran anviwon 2 semèn kote teknisyen konpetan ap travay sou avyon an.
4.- Revizyon D
revizyon saa fèt apre anviwon chak 6-10 zan, sa ki pran kèk mwa, lè avyon an soti nan revizyon saa, li menm jan ak yon avyon tounèf ki soti nan izin.
N.B : Se yon obligasyon pou tout avyon, sitou sa kap fè trafik yo sibi chakenn pami revizyon sayo san patipri.
Radar et accidents aeriens.
Le radar est un dispositif qu’on utilise dans l’aviation moderne afin de calculer la distance des avions en vol entre eux et avec les aéroports afin de mieux coordoner les différents vols opérés dans le ciel.
Les avions durant leurs trajectoires sont monitorés par les auiguilleurs du ciel ou encore les controleurs aériens…
Moun sa yo gen pou devwa pou kominike e kowòdone tout avyon ki retwouve yo nan yon reyon 300km ak ayewopò kote yo ap travay la. Yo gen yon ekran devan yo ki bayo pozisyon chak avyon an tan reyèl tout avyon ki nan espas ayeryen pa yo a. travay yo se rete nan kominikasyon radyo an pèmanans ak tout pilòt avyon sa yo.
Nou sipoze diw tou ke yo itilize Rada nan avyon yo pou gen kontwòl sitiyasyon meteyolojik la a zanviwon 300 kilomèt de avyon an tou sou chemenl, se yon aparèy ki nan nen avyon an, kap kontrole sitiyasyon meteyolojik la devan avyon an nan menm distans saa epi kominikel bay pilòt yo.
Ann tounen sou rada « controleurs aériens » yo….
Nan kad lè yon pilòt santil an danje,menmjan mpanse pilòt ti avyon saa ki tonbe sou wout ray la te kapab santil an danje ,premye sa poul te fè , se te kominike ak « contrôleurs aériens » ayewopò ki pi prel la depi radyo pou notifye yo ke avyon an an difikilte nan menl.
Gen diferant difikilte ke li kapab kominike , premye a , se kominike yon senp pàn. Lè saa pilòt la ap di « Panne,Panne,Panne » (sa se mod pas la) epi lap kominike « contrôleur aérien » ki an kontak ak li a , men ki difikilte avyon an bali. Premye sa « contrôleur aerien » an sipoze fè, se fè kontak ak tout lòt ayewopò nan antouraj yo pou prepare yo pou resevwa avyon saa nan yon kèlkonk « atterissage forcée ». « Contrôleur aérien » an gen pou dezyèm misyon , avize tout lòt avyon ki te gen pou ateri nan prochen moman yo ke, gen yon avyon ki nan gwo difikilte , yap priyorize aterisaj pa li a an atandan. Epi « contrôleur aérien » an ap kontinye kowòdone ak pilòt avyon ki gen difikilte a.
Nan yon sitiyasyon kote avyon saa gen yon problèm grav anlè a, swa gaz li fini, li pran dife, oubyen yon lòt pwoblèm trè grav, pilòt la ap repete kòd saa 3 fwa . « MAYDAY ,MAYDAY, MAYDAY » savledi , li an grav difikilte, tout lòt avyon sipoze ranje chemen bali, degaje tout pis pouli, poul ka poze an ekstrèm ijans, epi ayewopò a sipoze alète ponpye pou mete yo o gadavou pou entèvni paske vi tout moun yo an gran danje.
Apre yon avyon fin disparèt de ekran rada yo, pwotokòl la mande pou yo respekte 3 faz avan yo deklare ke avyon sa fè aksidan :
Incerfa : Faz ensètitid, kote avyon an te sipoze kontakte nou, li poko fèl, sak pase, èskel dewoute, èske se rivel poko rive, antouka ann fè yon ti tann toujou.
Alerfa : Faz alèt, li toujou poko kontakte, laa kontwolè yo oblije kòmanse fè mesaj pase bay lòt kontwolè yo ak lòt avyon ki nan zòn nan pou mande èske yo pa gen kontwòl avyon sila a.
Detresfa : Si kontak yo kontinye poko kapab etabli ak avyon an, laa gen yon kesyon de sekirite sou la vi pasaje ak manb ekipaj yo, kòmanse gen anpil dout, lè saa yo oblije dekrete « Detresfa » yo alète tout moun , kote yo sipoze voye yon lòt avyon ki pou al piwete dènye zòn kote avyon an te siyale prezans li. Se lè saa yo ka kòmanse pale de disparisyon oubyen aksidan de avyon an.
Èske airpot Haiti yo gen tout kapasite mwen sot esplike la yo?
Dapre tout analiz nou , depi sou prezantasyon ayewopò Toussaint Louverture la ki pa respekte nòm entènasyonal yo, sa ki rann li difisil pou li ta genyen tout teknoloji sayo ni kapab respekte tout pwotokòl sayo ki pèmèt yon meyè sikilasyon ayeryen.
Nòmalman nan kèk peyi tankou USA, la France , genyen yon biwo ki responsab jan de katastròf sa yo, USA se « NTSB » ki responsab pou fè ankèt sou tout avyon meriken ki tonbe oubyen nenpòt avyon ki tonbe sou sòl meriken an. An France se BEA(Bureau d’Enquete et d’Analyse) . Yo menm ansanm ak konpayi ki te konstwi avyon saa ki tonbe a sipoze mete tèt yo ansanm pou ankete e jwenn ki koz ki rann aksidan saa te rive .
Koman yap fè abouti ak yon ankèt fyab ?
Chak avyon genyen sa yo rele yon « boite noire » yon « enregistreur de paramètres », « ACARS » ki anrejistre tout sa pilòt yo ak « aiguilleurs du ciel » yo te di epi tout konpòtman avyon an te genyen lèl tap vole avanl tonbe a, paramèt ki te aktive e dezaktive avan avyon an tonbe a. Biwo ankèt sa yo gen pou devwa rekipere pyès sa yo epi mennen ankèt sou aksidan an, non sèlman pou bay fanmi viktim yo yon esplikasyon de sak pase a epi evite menm erè sayo repete ankò ak yon prochen avyon.
Pwosesis jidisyè ak dedomajman.
Nòmalman , leta sipoze chaje yon komisè gouvènman nan kolaborasyon ak biwo kap mennen ankèt teknik yo, pou pini koupab yo e dedomaje fanmi viktim yo.
Anpil fwa, se konn defo de fabrikasyon, erè materyèl, neglijans lèzòm, swa pilòt yo oubyen mèt avyon yo ki pa fè travay yo, sa ki pral mete dlo nan je anpil fanmi, pakè a dwe tranche apre ankèt.
Rekòmandasyon :
Leta ayisyen gen pou devwa pou veye sou transpò ayeryen nan peyi a, jan sa ye laa an dezòd la, non sèlman anpil moun gen pou kontinye mouri nan fenomèn ti avyon prive kap fè trafik saa, men tou , leta pèdi anpil lajan chak jou nan menm bagay saa. Nòmalman, chak avion ki touche espas ayeryen yon peyi, sipoze peye lajan pou sa. Ak ki mwayen, ki rada leta ayisyen genyen poul kontwole sa?
Nou konseye Leta rapid vit chèche yon antant ak gran konpayi tankou « American Airlines » , »Air France », »Jetblue » , « Air Caraibes » ect… pou jwenn yon mwayen poul ekipe omwen ayewopò Toussaint Louverture la, mèmsi li redwi sou kantite taks yo ap gen pou peye ayewopò a. Lè saa li ap non sèlman jere pwoblèm sekirite trafik ayeryen an , men tou , lap sove anpil lajan nan domèn saa.
Ing. Jean Ernstso Lamothe, expert en aéronautique et sécurité aérienne.
ernstso@yahoo.fr
Copyright Haitimes, Manoactualité.
Can I just say what a relief to find someone who really is aware of what theyre talking about on the internet. You undoubtedly know easy methods to deliver an issue to gentle and make it important. Extra people must learn this and understand this aspect of the story. I cant consider youre no more common because you undoubtedly have the gift.
I gotta bookmark this internet site it seems handy invaluable
Good write-up, I’m normal visitor of one’s site, maintain up the nice operate, and It’s going to be a regular visitor for a lengthy time.
Very good written article. It will be supportive to everyone who utilizes it, including yours truly :). Keep doing what you are doing – for sure i will check out more posts.
You are my breathing in, I own few blogs and infrequently run out from to post .
Hello, Neat post. There is an issue with your site in internet explorer, may test thisK IE nonetheless is the marketplace leader and a good section of other people will miss your great writing due to this problem.
Its like you learn my thoughts! You appear to understand so much about this, like you wrote the e book in it or something. I think that you could do with some percent to power the message house a little bit, however other than that, this is wonderful blog. A fantastic read. I will certainly be back.
Hey very cool blog!! Man .. Excellent .. Amazing .. I will bookmark your web site and take the feeds also…I’m happy to find numerous useful information here in the post, we need develop more strategies in this regard, thanks for sharing. . . . . .
As a Newbie, I am continuously exploring online for articles that can be of assistance to me. Thank you
A person essentially help to make seriously articles I would state. This is the very first time I frequented your web page and thus far? I amazed with the research you made to create this particular publish incredible. Fantastic job!
Whats up! I simply would like to give an enormous thumbs up for the good information you’ve gotten here on this post. I shall be coming back to your blog for more soon.
Hello.This post was extremely interesting, especially because I was browsing for thoughts on this matter last Tuesday.
Great write-up, I?¦m regular visitor of one?¦s blog, maintain up the excellent operate, and It’s going to be a regular visitor for a lengthy time.