Mouvman petwochalenjè #noukonsyan nan yon nòt pou laprès li mete deyò vandredi 22 oktòb la salye nominasyon Frantz Elbé kòm nouvo direktè Lapolis la ke li kwè ki se yon gwo pa apre ke Léon Charles te fin depatcha enstitisyon an. Li pwofite mande revokasyon ansyen direktè a kòm Anbasadè nan OEA pou li kapab vin reponn kesyon Lajistis.
Mouvman petwochalenjè nan yon nòt drese yon tablo malouk de sa Ayiti ap viv dènye jou sa yo. #noukonsyan di li konstate bagay yo vin pi mal sou plan sosyal, ekonomik ak politik chak jou ki pase. Nan dènye tan sa yo, lavi chè, ensekirite (kidnapin pwograme), rate gaz se kèk pami problèm ki mande solisyon rapid.
Sou zafè sekirite peyi a siyatè nòt yo fè konnen ke yo pran nòt sou nominasyon Frantz Elbé kòm nouvo direktè jeneral PNH la aprè demisyon Léon Charles. Sepandan Petwochalenjè yo souliye ke fòk popilayon an klè, pwoblèm ensekirite a p ap ka rezoud avèk chanjman direktè jeneral sèlman si pa gen bon jan volonte politik pou rezoud pwoblèm lan, fòk gen ou volonte chak gwoup òganize nan sosyete a epi fòk sitwayen yo mete ak PNH la pou problèm essekirite a kapab rezoud tout vre.
Pou yo, Leon Charles te sipoze demisyone lontan lè yo konsidere nan ki eta li desann enstitisyon polis la. Sou Léon Charles gang pouse tankou djondjon nan peyi a, sou li plis polisye mouri nan operasyon mal planifye, sou li plis masak fèt nan katye popilè yo, plis manifestan pasifik asasinen. Nan sans sila, #noukonsyan mande lajistis pran responsabilite l pou tande ansyen D.G Léon Charles gen pou bay esplikasyon. #noukonsyan mande rapid revokasyon Léon Charles kòm anbasadè Ayiti nan OEA.
Nan sa ki gen awè avèk rate gaz peyi a ap konnen depi sou Jovenel epi ki rive sou premye minis de facto Ariel Henry, #noukonsyan pa pase pa 4 chemen pou li di ke sitiyasyon sa gen anpil pou wè avèk pil gaspiyaj ak vòl ki te fèt nan lajan petokaribe a. Selon yo menm, minis finans lan ak direktè BMPAD ta sanble gen men yo tranpe nan sa peyi a ap konnen jodi a. #noukonsyan kontinye egzige yon bonjan pwosè petrokaribe ki dwe kòmanse rapid pou vòlè yo ka jwenn monnen pyès yo.
Nan sa ki gen awè ak kesyon akò k ap siyen pasi pala pandan tout moun ap di pa yo pi bon, #noukonsyan ap presize pou pèp ayisyen an alawonnbadè, okenn group pa dwe nan goumen pou enpoze solisyon pa yo sou baz se solisyon pam ki pi bon. Nan nòt si la a Petwochalenjè yo blan meriken gen yon mouvman laloz l ap bay pou li kapab mete pye li sou kou peyi a. Mesye dam yo ekri : « Yon kote, blan an di akò sa manke enklizif men li dèyè l, yon lòt bò li di yon lòt akò solid. Se kòmsi ayisyen pa konn li »

noukonsyan di li renouvle detèminasyon pou l kontinye batay bò kote popilasyon an pou fè revandikasyon l yo respekte. Siyatè yo fè konnen ke yo p ap chèche djòb, men kontinye mobilize jiskaske revandikasyon pèp la jwenn satisfaksyon.

Jean Marie Ludy Barbson

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook