Se te an 1928 yon syantifik britanik ki rele Alexander Fleming te dekouvri san okenn planifikasyon premye antibyotik la ki se penisilin. Antibyotik vin yon sovè pou le mond fas ak yon gwo lenmi nou ki se bakteri. Antibyotik siyifi lite kont lavi oubyen detwi lavi. Sibstans sa yo anpeche bakteri devlope.
Antibyotik yo ki se yonn nan pi gran avanse syantifk ki rive fèt nan domèn medikal la. Genyen anpil peyi sou latè beni, daprè etid ki fèt kap konfwonte anpil difikilte koz antibyotik yo ap mal itilize. Rezistans bakteri ak antibyotik yo vin tounen yon gwo menas pou sante tout moun ; grenn pa grenn oubyen tout moun a lonnbadè. Li anpeche gerizon malad yo epi li mete anpil profesyonèl nan dout ak erè. Sak pi rèd la li provoke anpil ka lannmò pafwa li vin fè malad la pi grav toujou. Epi tou li kontribye pou fè trètman yo vin pi konplike. Pote anpil dout nan kalite la swenyaj ak sekirite malad la. Se sak fè, kontrole, metrize rezistans antibyotik yo dwe komanse direkteman ak yon bon itilizasyon klas medikaman sa yo pou elimine menas ak tout dega ki kapab koze.
Genyen anpil aksyon ki dwe poze nan sosyete ayisyèn nan, sitou pou genyen yon siveyans kont rezistans bakteri yo fas ak klas medikaman an ; andedan lopital yo ak tout lòt kote kap bay ti moso laswenyaj. Ayiti pa genyen anpil mezi ki egziste pou sa, ale wè pou yo ta mete yo an aplikasyon. Nou konnen byen ayisyen yo pa genyen anpil ledikasyon sou kesyon medikaman, yo banalize sibtans sa kom kwa li se yon bonbon. Konsekans antibyotik yo banalize anpil pa bò isit, nan tout bwat machann, nan tout bis transpò nou kapab konstate prezans klas medikaman sila. Kote sa vin pi konplike se lè yon seri de moun ki pa menm genyen fomasyon ak konesans sou mediakman ap bay lòt moun ki pi vinerab yo konsèy sou kijan pou yo itilize medikaman. Group moun sa yo se yon gro menas pou chak moun grenn pa grenn ak tout kolektivite a.
Konsa tou anpil profesyonel santé preskri antibyotik san gade deyè. Konsomasyon antibyotik san prezisyon se yonn nan koz ki fe anpil bakteri ap taye banda pasi pala epi mete gwo anbiskad pou chak malad ki nan nesesite tout bon pou jwenn gerizon. Pa bliye chak fwa yon grenn moun mal itilize antibyotik se tout yon popilasyon li mete an danje.

Profesyonel santé, pasyan , otorite nan leta jwet pou nou.

Se yon nesesite pou nou itilize antibyotik yo ak anpil presizyon jan sa mande, déjà se avni sante nou ki menase. Antibyotik se medikaman inik ki aji sou bakteri, bay li san presizyon se déjà yon gwo echek pou gerizon an, se yon gwo domaj, chak fwa wap achte yon antibyotik nan yon bis transpò; aprè yon chalatan fin pale nan tèt ou, itilize non Bondye kom pòt pou antre vin konplike sitiyasonw lan. Se yon krim, ni ou men ni chalatan sa fè sosyete ya ak rès mond lan. Pa bliye movèz itilizasyon antibyotik ap aji sou anvironman ak ekosistèm nan. Tout sa yo mande pou nou vijilan epi pran anpil prekosyon ak klas mediakman sa yo pou ou pa kontraye tèt ou ak popilasyon an, déjà bòlakay pa nou ki pa menm genyen aksè ak swen sante. Antansyon pa kapon.

Chak kote kap bay swen dwe pran ankonsiderasyon fason itilizasyon antibyotik ap fèt.

Sible a la fwa rezistans bakteri ya fas ak antibyotik yo ak fason chak grenn moun dwe itilize yo. Se proteje popilasyon mondyal la epi jere enterè chak grenn moun nan kominote ya. Se poutèt sa profesyonel santé yo, tankou: FAMASYEN YO, MEDSEN YO, ENFIMYE YO, dwe aji byen sitou nan chak ANTIBYOTIK kap ;

1-Preskri,
2- Dispanse,
3- Administre.

Pou lite kont rezistans Antibyotik, li enpotan pou nou genyen yon ide de yon seri de pwoblèm;

Preskripsyon antibyotik yo pa apopriye nan 20-50% oubyen pou profilaksi oubyen pou gerizon.
Konsekans preskripsyon ki pa apropriye yo, grav epi yo anpil pou chak grenn moun ak pou kominote ya.

Konsekans pou chak grenn moun vle di :

Ogmantasyon kantite moun ki vin pi mal, kap mouri, efè endezirab,gerizon an pa abouti, plis moun enfekte.

Konsekans pou tout moun vle di :

Plis rezistans, diminisyon kantite profesyonel ki disponib pou bay swen. Laboratwa dwe ap reflechi epi fè rechèch pou jwenn lòt oubyen elaji aksyon antibyotik yo.
Anpil nan pwoblèm sa yo genyen pou orijin:

Anpil preskripsyon san konesans presi sou antibyotik la.
Presizyon yo pa sifi sou pozoloji yo dire tretman ak fason administrasyon an dwe fet.
Anpil preskripsyon banalize.
Difikilte pou chak grenn moun ak popilasyon an jwenn bon jan enfòmasyon sou. preskrisyon an ak medikaman.

Eske solisyon yo posib ?

Elaborasyon , mete disponib pou profesyonèl sante yo, aplike epi met bon jan prensip, itilize ak eksplwate enfomasyon ki itil yo, yon Komisyon sou Famakovijilans, òganize anpil seyans fomasyon nan radio, televizyon medya an liy yo ak tout lòt rezo soyal yo, amelyore kalite la swenyaj nan lopital yo, ogmante relasyon Famasyen Medsen ak Enfimyè
Pou fini amelyore itilizasyon antibyotik tadwe yon objektif pou santé piblik e li tap yon mwayen pou jistifye direkteman sousi leta ayisyen pou proteje sante tout ayisyen. Fason evolisyon sa ap fèt la déjà bay gwo tèt chaje. Menas sila pap epanye pyès moun. Se sèl mwayen pou proteje chak grenn moun ak popilasyon an.
Pwomouvwa yon meyè kalite itilizasyon antibyotik mande pou misyon chak profesyonèl sante yo byen defini sitou pou kontrole rezistans Bakteri yo.

Famasyen an dwe asime responsabilite l, yo dwe analize, verifye, gade konfòmite preskripsyon an, anplis de sa yo dwe lanse alèt bay preskriptè a. Famasyen an dwe kontinye bay itilizatè antibyotik la bon jan enfòmasyon sou klas medikaman sila.

Prodiksyon Pharmacie SANTÉ-SUCCÈS et Stimulant énergétique.
Ekri : Pharm. Maximin Kendley Rodriguez.

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook