Hamilton FRANCOIS
Nan yon nòt tout louvri li voye bay Premye Mins Ariel Henry, Estrikti politik ki rele tèt li Fwon Revolisyonè pou Oganize Nasyon an (FRON) reklame demisyon PM pou yon ti bout tan an nan 48 è de tan aprè piblikasyon nòt sa a. Paske daprè FRON, Ariel Henry se kriminèl, bouwo defen ansyen prezidan Jovenl Moïse ki dwe mete l prè pou li reponn kesyon lajistis nan lide pou limyè fèt sou asasina ansyen nèg bannann nan.
Nan nòt li a, FRON voye yon pinga bay tout moun li di ki aksepte al foure kò yo nan gouvènman chanpwèl PM defakto a ap prepare l pou l mete nan tèt leta peyi a.
Estrikti bay tèt li non FRON an di l aprann mannèv ak mannigans kaka chat dèyè bwèt k ap fèt ant chèf gouvènman an ak akolit li yo pou revoke yon pakèt moun nan gouvènman sa a pou l ranplase yo ak moun pa l nan lide pou l pi byen separe gato a ak zanmi konkonbwèt li yo. Pami moun sa yo, FRON site sekretè jeneral palè nasyonal la, minis yo, sekretè jeneral yo, direktè jeneral lapolis e meme jeneral ki nan tèt lame a. Fwon Revolisyonè al pi lwen pou l di doktè Ariel se byen konte mal kalkile, paske daprè sa yo di, depi apati de moman nòt sa pibliye, yo pa konnen egzistans PM nan nan tèt laprimati ankò e sitou yo pa rekonèt lèt revokasyon kèk fonksyonè tankou ansyen komisè gouvènman Pòtoprens lan Mèt Bed-Ford CLAUDE ak ansyen minis jistis la Mèt Rockfeller VINCENT.
Fwon Revolisyonè pou Oganize Nasyon an (FRON) raple pèp ayisyen ke Josué PIERRE-LOUS ki se nouvo sekretè konsèy mins lan se bòfrè Jhon Joël JOSEPH, ki se, daprè pawòl estrikti a, youn nan moun ki planifye lanmò Jovenel Moïse yo. Sa ki ta vle di, Josué PIERRE LOUIS AK ariel Henry se kòkòt ak figawo, kabrit tomazo menm plim menm plimay, pase pran m mwen pase chache w.
Manm estrikti sila a pa mete dlo nan bouch yo pou yo denonse atitid Ariel Henry pou jan, selon sa yo di, Ariel kite tonton SAM demounize, imilye, maltrete, pouse do, tankou bann kabrit ki lage nan jaden moun, frè ak sè nou yo sou fwontyè Etazini gen pou li ak Meksik la. FRON di sa a se konpòtman restavèk.
FRON fini nòt li a ak yon gwo ponyen lanmen li bay pwotektè sitwayen an Mèt Renan HEDOUVILLE pou jan l pouse Ofis Pwoteksyon sitwayen an pwononse li sou dosye asasina ansyen prezidan an li defans nan dènye degre lè l egzije demisyon san kondisyon Doktè Ariel nan tèt peyi a kòm premye minis pou l mete l prè pou l reponn kesyon lajistis.
Pou estrikti sila a, moun ki siyen nòt sa a se : Jezilòm Franck SYLVAIN, prezidan, Rose-Marie PAILLANT, sekretè jeneral ak William TOUSSAINT, Pòt pawòl.
Hello there, You have done an excellent job. I’ll definitely digg it and for my part suggest to my friends. I’m sure they’ll be benefited from this website.
Somebody essentially assist to make significantly articles I would state. This is the very first time I frequented your website page and up to now? I amazed with the analysis you made to create this actual put up incredible. Excellent process!
Leading cryptocurrency exchange with over 1400+ cryptocurrencies & stablecoins such as Bitcoin ✓ Ethereum ✓ Dogecoin ✓ Start trading crypto with Gate.io now!
gate io
Keep functioning ,terrific job!
Can I just say what a relief to find someone who actually knows what theyre talking about on the internet. You definitely know how to bring an issue to light and make it important. More people need to read this and understand this side of the story. I cant believe youre not more popular because you definitely have the gift.
Howdy would you mind sharing which blog platform you’re using? I’m planning to start my own blog soon but I’m having a tough time deciding between BlogEngine/Wordpress/B2evolution and Drupal. The reason I ask is because your design and style seems different then most blogs and I’m looking for something unique. P.S My apologies for being off-topic but I had to ask!
I appreciate, cause I found exactly what I was looking for. You’ve ended my four day long hunt! God Bless you man. Have a great day. Bye
Thanks for ones marvelous posting! I definitely enjoyed reading it, you happen to be a great author.I will ensure that I bookmark your blog and definitely will come back from now on. I want to encourage yourself to continue your great posts, have a nice evening!
What i do not understood is in reality how you are now not actually much more neatly-favored than you may be right now. You’re very intelligent. You know therefore considerably with regards to this subject, made me in my view consider it from numerous varied angles. Its like men and women don’t seem to be involved except it is one thing to do with Woman gaga! Your own stuffs outstanding. Always handle it up!