Nan yon kominike pou laprès ki date 20 sektanm 2021 ak nimewo 427, sektè Demokratik popilè a pa kache poul moutre kijan li choke de sitiyasyon frè ak sè nou yo ki rankontre yo aktyèlman sou fwontyè Meksik ak Etazini an, e li mande pou otorite amerikèn yo fè ti kanpe sou rapatriman ayisyen yo. kominike a pati konsa.

Réf. : N-SDP20/10-21

KOMINIKE POU LAPRÈS #427

«Sektè Demokratik Popilè a choke anpil devan kondisyon endiyite konpatriyòt ayisyen ap viv sou fwontyè Etazini ak Meksik ».

Pòtoprens, lendi 20 septanm 2021: Sektè Demokratik Popilè a choke anpil devan sitiyasyon lavi konpatriyòt ayisyen yo ki sou fwontyè Etazini ak Meksik la. Sektè Demokratik Popilè a mande gouvénman defèt la ak tout Pèp ayisyen an pou fè solidarite ansanm ak sè e frè n sa yo ki nan yon sitiyasyon espesyal.

Sitiyasyon sa se youn nan rezilta move jesyon 10 lane rejim PHTK a nan tèt peyi a. Pandan 10 lane ki sot pase yo, li pa yon sekrè pou pèsonn, ak prezans rejim PHTK nan tèt peyi a, Ayiti fè fas ak yon kriz ki gen plizyè dimansyon li poko janm wè nan listwa l: Politik, Sosyal, Ekonomik, Sanitè, Migratwa e Enstitisyonèl. Pandan peryòd sa plis pase 500 000 ayisyen kite Ayiti pou ale Chili, Brezil ak lòt peyi ankò nan amerik la pou al chèche lavi miyò.
Nan majorite ka se chèche lavi detwi lavi !

Malgre sitiyasyon sosyal ak ekonomik pèp ayisyen pat fasil, pitit peyi a pat janm konn ap kouri kite Ayiti «pa pil ak pa pakèt » nan fason sa. Sektè Demokratik Popilè a vle raple pou lopinyon nasyonal kou entènasyonal vrè rezon ki pouse anpil ayisyen ap kite peyi a; se konsekans absans plan ak pwogram relevman aprè tranbleman tè 12 janvye 2010 la. Se tou konsekans 10 lane koripsyon, ensekirite, enstabilite, gaspiyay fon petrokaribe, gangsterizasyon ak move gouvènans rejim PHTK.

Jodi a, Pèp ayisyen anba yon gwo kriz imanitè san parèy. Nan sans sa, SDP ap lanse yon kri pou mande administrasyon Biden lan trete dosye ayisyen yo ak gouvènman defèt Ayiti a nan respè lalwa ak konvansyon yo, yon fason pou dwa sè ak frè nou yo respekte. Pou rezon sa, nou mande pou otorite peyi Etazini yo kanpe sou depòtasyon yo pou gade dosye yo jan lalwa ak prensip imanitè mande sa e sou rega promès Prezidan Biden te fè resòtisan ayisyen yo.

Pou fini, Sektè Demokratik Popilè a renouvle angajman l pou l kontinye batay pou rive nan chimen liberasyon an ki dwe kondi peyi nan yon sistèm k ap ofri opòtinite pou tout moun. Konba pou byennèt ak dwa granmoun pèp ayisyen an pa p kanpe nan wout . Sektè Demokratik Popilè ap profite peryòd dat 20 septanm sa ki make selebrasyon 263 lane nesans Papa Nasyon an, Anperè Jean Jacques Dessalines, pou l fè tout fòs Nasyon an sonje, nan lespri Zanzèt yo, moman rive tout bon vre pou n met tèt nou ansanm pou n deside sa n ap fè ak Peyi a pou pèmèt lavi rekòmanse boujounnen pou chak pitit tè a.

  Ayiti se pou nou, nou gen obligasyon pou n sove l. Ayiti p ap peri!

Pou Sektè Demokratik e Popilè ( SDP ):

Sen. Ricard PIERRE,
Sen. Nenèl CASSY
Ing. Marjory MICHEL
Me. André MICHEL
Dp. Ulrick ST CYR
Dp. Joel COSTUMÉ

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
One thought on “Sektè Demokratik Popilè a mande pou otorite amerikèn yo fè ti kanpe sou rapatriman ayisyen yo.”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook