Nan yon nòt pou laprès ki sòti jou ki te 5 septanm nan, pati politik fanmi lavalas di klè kou dlo kòk rezon Ki fè yo deside siyen akò 30 dawou 2021an.
Nan dat 2 septanm 2021, fanmi lavalas òganize yon rankont brase lide ak manb li yo pou deside ki pozisyon yo ap pran sou akò pou sòti kriz la. Se konsa yo deklare, lè a rive pou tou moun fè yon efò an plis pou mete enterè peyi a devan , pou nou ka jwenn yon antant ki pou ede nou mete kondisyon kap pèmèt demokrasi retabli nan peyi a, pou nou koupe fache ak leta konwonpi sa a, poun ranfòse enstitisyon yo, pandan nap rekonstwi peyi nou.
Pou manm òganizasyon an, pi gwo objektif antant sa a se mete yon klima lapè nan tout katye ak nan tout peyi a. answit yo kontinye pou di, pou nou jwen lapè nan tèt sa, nou bezwen yon bon jan antant politik pou chanje leta piyajè a ak pou nou rekonstwi yon leta ki o sèvis popilasyon an.
Pou fini, pati ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide lan, salye ak ankouraje popilasyon an spesyalman tout viktim dezas ki pase nan gran sid lan.
Nesny Ridge PIERRE LOUIS
Hi there, You’ve done an excellent job. I?ll certainly digg it and personally recommend to my friends. I am sure they’ll be benefited from this website.
Aw, this was a very nice post. In idea I wish to put in writing like this additionally ? taking time and actual effort to make an excellent article? however what can I say? I procrastinate alot and by no means seem to get something done.