Depi kèk lanne, zafè politik an Ayiti tounen sèlman yon batay pou pran pouvwa, rache manyòk ou bay tè a. Pou sa fèt, gwoup opozan yo toujou apiye sou movèz gouvènans gwoup ki sou pouvwa a pou rele anmwey dèyè li. Nou tout sonje goumen ki fèt Kont Aristide, Lavalas ak Konvèjans ou ankò Grenn Nan Bouda (GNB). Pafwa tou menm gwoup ki kont pouvwa a konn ap goumen youn ak lòt paske yo pa pataje menm lide. Sou prezidans Michel Joseph Martelly nou remake tout kout lang ki te genyen ant yon gwoup nan opozisyon ak Moïse Jean charles. Ebyen sitiyasyon yon pèsiste.

Jounen jodi a si nap gade byen gwoup sa a ki di tèt yo opozisyon an divize an 2 gwo moso : Gwoup pa André Michel la ki pote non Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) epi lòt gwoup la ki gen nan tèt li Moïse Jean Charles ki se lidè Pitit Dessalinnes. 2 gwoup sa yo se 2 bout di Ki anfas pouvwa ke Jovenel Moïse t’ap dirije a.

Yon Opozisyon pou 2 lide diferan.
Si nou ap obsève byen André Michel ak Moïse Jean Charles pa pale menm lang, youn konn menm rive ap choute sou lòt alòske tou lè 2 ta sanble ap defann menm kòz, kòz pou voye nan prizon dechèpiyè, zagoloray epi bay peyi an yon chans pou pèp la viv byen kote li ap jwenn manje nan asyèt li, travay ak sekirite, al kwèl non papa! Antouka…

Depi apre lanmò nonm bannann lan 7 jiyè ki sòt pase a, sitiyasyon an vin pi malouk. Pa gen Prezidan, pa gen palman, Lakou Kasasyon p ap mache paske Prezidan li mouri epi gen lòt jij ki revoke paske yo ta nan konplo pou te jete Prezidan an. Anviwon 20 jou apre, gwoup sa yo paka antann yo pou mete yon moun nan tèt Leta a ki pou ta regle kòz pèp la.

Sou zafè eleksyon pou ta ranplase Apredye apre lanmò li, ta sanble Moïse Jean Charles, André Michel epi Lavalas pa pale menm lang. Lidè pitit Desalin lan mande pou eleksyon fèt prese prese pou konble vid yo alòske Lavalas ak Sektè Demokratik la mande menm yon tranzisyon yo chak nan fason pa yo.

Moise Jean Charles ak Sektè Demokratik la, yo chak gen patizan yo, ebyen batay la kontinye sou rezo sosyo yo kote militan, patizan , yo chak ap defann moun pa yo a, sa konn debouche sou gwo joure ant yo nan gwoup Whatsapp ak Facebook. Sa ban nou lide si moun sa yo te fas a fas kòman dyèl la tap ye.

Konsekans Chire Pit la

Nan jou ki sot pase yo, lakòz òganizasyon sosyete sivil la ak lòt gwoup politik yo pa janm antann yo pou soti nan kriz k ap ravaje bil peyi a, ebyen Lèzetazini te voye Daniel Foote kòm moun ki pou vin pale ak yo pou te jwenn yon antant. Yo tout kanpe sou pwennfèpa pandan pèp la ap kwoupi nan lamizè, grangou, fènwè, ensekirite.

Yo tout chita ap gade, lite pou se lide pa yo ki pase. Ebyen mouche blan jan li konn fè li deja ap gen poul vini epi enpoze moun li paske yo pa janm antann yo. Elas pou yon ti pèp ki depi plis pase 210 lanne libere anba men blan franse, li pa janm ka wè limyè.

Malgre li konteste men KEP a di lap fè eleksyon nan peyi a, èske moun sa yo enskri pati politik yo, èske yo prale nan eleksyon? Ann swiv…

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
2 thoughts on “Ayiti-Politik|-. Ant Sektè Demokratik la ak Pitit Dessalines, yon goumen ki pa two devwale”
  1. farmacia online Canada, cenforce per acquistare a buon mercato. Die Tablette muss im Ganzen mit einem Glas Wasser geschluckt werden. Banda ancha sin conexion telefonica sin contrato sin contrato banda ancha sin linea fija banda ancha barata sin contrato pago banda ancha banda ancha semanal virgen sin contrato banda ancha bt sin contrato banda ancha banda ancha domestica sin contrato banda ancha movil sin contrato banda ancha mensual sin contrato. Er machte ein paar vorsichtige Schritte vom Wasser weg [url=https://ticketbud.com/events/441c6fe2-da94-11eb-86a2-42010a717014]Crushers.[/url] Jarahenzo.com https://reallygoodemails.com/tramadol_without_prescriptions

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook