Plus de 3 ans dans cette chronique infernale du crime politisé, la normalisation des gangs, la gangstérisation populaire dans l’objectif de provoquer la psychose de peur. Haïti devient le hall des Valkyries, où les violences n’engendrent que festin funèbre. Ricky caractérise son texte « N ap tann lanmò n » en imbibant sa plume de cette triste réalité.

Ainsi Ricky de cette triste réalité tient comme source de son inspiration la réalité mortelle qui predomine en Haïti. Compter ne s’avère pas inutile, les vocables comme massacre, mutinerie, carnage, cure, étonnement font partie intégrante du champs lexical haïtien. Citant les cas de kidnapping, le massacre de la Saline, de Grand-Ravine, les mutineries dans les prisons, la barbarie des bandes armées exposant chacun leurs victimes etc… Voilà en gros ce qui constitue la toile de fond de N ap Tann Lanmò n de Ricky le Slameur.

La voix sobre dans ce track de Slam Ricky évoque sa biographie faisant de son état un mort vivant dans cette vague d’insécurité « Mwen mò vivan, Vi isi andout ». L’usage violente de la mort fracassant nos vies « Fòn brav pou nou jwenn plas devan nan mòg », le mieux c’est de nous préparer à l’avance faisant allusion aux religieux « Pè isi chante antèman l davans ». Et les autres « Nou mache tou alonje », Se simityè k refize n » « ata tonm pran chante, rele di l bouke ».

Ces tristes circontances qu’évoque Ricky dans son texte ne fait qu’évoquer le carnage de Delmas 32 où 13 personnes sont assassinées par balles le mardi 29 juin, parmi eux 2 personnalités de la presse. Faisant un point en la circonstance, lil publie:
« Medya an dèy
Rèl twò fèb
Fristrasyon yo pran echèl
Mach pasifik wòwòt
San koutcha
Tizè pouvwa
Kwa, bosal, gason pa kanpe
Mikwo k pa pou vann
Y ap dechoukel
Yo pa fout bezwen moun
Sa nap espere ankò isi
Nou pa bezwen mèb ebenis
Redui pri sèkèy yo souple
Leta pa vle n viv
Wayòm mò yap fè »

Le contexte du moment, les circonstances troublantes, partout règne la terreur. L’insécurité de la capitale devient aussi endémique que dans les régions. Lisons entièrement le texte « N ap tann lanmòn » et écoutons le track sur son compte YouTube, Ricky Le Slameur, pour saisir son inspiration.

« Nap tann lanmò n

M pran defeyte kèk fèy degoute kèt gout san
Santre kèk vè pou biyografi m, mwen mò vivan
Vi isi andout, lavi, BET nou tout
Wout isi mennen dwat kay sèvo pliye je inonde

Tan demare figi l pou prete renn kòd
Plenn sò isi, tounen metòd
Pou panse kè n, dèy tounen pansman
Dans lan lou de pye n pap sifi pou n pan
Fòn brav poun jwenn plas devan nan mòg
Se simityè k refize n, men se pa mò dòg
Dlo je n koule jouk li neye lanmè
Son kè n sote tenpan lapè

Pè isi chante antèman l davans
Nap mache tou alonje
Pòpyè n transparan, je n pa kale vre
Lanmò te saj jou k sou li n fè vyolans
Sitirans, fè tanbou madoulè a pran kata
Ata tonm pran chante, rele di l bouke. N
Wouke, kolik fè krache pa kanmarad fyèl pete
Yèn lanmò fin donnen, lavi sa se lè rekòt la

Lanmò mache gran vi gran ri
Pa bezwen izo pou ogmante ekleraj li
Vi, laj BonDye a se nou k deside fen pou li
Nou kolboso jwa, vi isi se regrè
Isi se sejou dèmò, se manje dan
Isi se dwazimen k’ap mande meyè tretman
Se polisye k pa an sekirite
Isi se avoka kap mande pou dwa yo respeke
Se prizon kap kraze

Tou n fouye, nou oblije prese mouri
Se viv ki difisil sensèman mande Evelyne
Rèv li n pilonnen, n mete l san vi
M anvi viv, men domaj li pap fè souri n
Dlo je n neye vizyon n
Nou mò rèd pap menm gen tèk bò wonn
Liy lan long, men l vanse, si se sak sò n
Ak fyète mesye n’ap tann lanmò n

Lanmò kri, kri n yo twouble adorasyon syèl
Sèl nou k poko ale, plen lòt ki bat zèl
Fò m diw m te prè pou lanmò siksede lavim
Yo pran rim, m ekri biyografi m nan kè k rim
S’on tanpèt lansan, isi n tou anbonmen
Tè isi polye, anba tè gen polisye kap donnen
M lonnen tou vivan kay defen
Allez à la ligne fraz la tou kòmanse ak pwen

Anyen pa chanje, se pran liy tann lanmò w
Anyen pap ranje, batay pou lanmò wòw
M ranje malèt mwen m’ap tann viza leta
Annatandan map swiv ti konsè vilaj la
Pataje live la, bandi isi tou pè,tou pastè
Nou ranse mesye, menm lanmò pè kidnapè
Kapital dèy,pa gen wout pou antre nan mòn
Liy lan pa dwe dekouraje n tann lanmò n »

Ricky Le Slameur

Lien: https://youtu.be/PEe2gzRXgNo

Auteur: Jensen PHILIUS

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook