10 bagay tout fi k’ap mete kilòt dwe konnen sou kilòt.
Men 10 bagay tout fi k’ap mete kilòt dwe konnen sou kilòt, di nou ki nimewo ou pa’t konnen.
Pataje tèks sa pou plis fi ka jwenn konesans lan paske jounen jodi a anpil ayisyèn ap fè enfeksyon vajinal malgre yo respekte règ lijyèn. Men sa yo pa konnen kilòt y’ap mete an ka jwe yon wòl nan sa. Gen fi ki konn ap mete kilòt ki kite pil mak sou po, yo pa konnen si sa ka vin’ yon danje pou yo. Genyen ki pa konnen si se kilòt koton oubyen sentetik pou yo mete. Ou te konnen si’w mete yon tanga ki twò piti oubyen twò gwo pou ou ka ba’w enfeksyon?
Nou pral ouvri je’w nan tèks sa sou koze jan nou ap sèvi a kilòt pou kenbe vajen nou an sante. Men 10 bagay tout fi k’ap mete kilòt dwe konnen sou kilòt.
Se pa tout lè pou’w mete kilòt
1- Gen de sitiyasyon ki rive li konn rekòmande pou fi an pa mete kilòt. Pa egzanp nan ka yon fi ki fè enfeksyon ki koze pa chanpinyon jan de fi sa yo konn ap bay yon sekresyon tankou lèt kaye, ebyen chanpinyon yo renmen kote ki imid. Lè fi ki viktim de enfeksyon sa pa mete kilòt ankò, pa gen imidite ankò. Yo remake lè fi sa yo pa mete kilòt pandan enfeksyon vajinal pandan yon tan, yo gen yon ti soulajman.
2- Kilòt pa dwe kite mak sou po’w, si’l kite mak sa senpleman vle di ke li twò piti pou ou. Si li twò piti li ka irite po’w se sa’k konn rive anpil fi kote’l kite yon bann mak wouj bò kwis fi an. Kote sa yo konn enfekte. Annou pran egzanp yon kilòt tankou tanga, si’l twò piti oubyen twò gwo a koz de fil la ki pase nan fant dèyè an li ka pran mikwòb ki nan anis ou (twou dèyè’w) pote nan vajen’w e sa ka ba ou yon enfeksyon nan vajen. Sa’k pi bon an se mete yon tanga yon gwosè nòmal.
3- Ou dwe dòmi san kilòt paske sa enpòtan pou redwi nan imidite kilòt la ap kreye. Imidite favorab pou mikwòb miltipliye nan vajen’w e ba’w enfeksyon. Lè’w retire kilòt ou vajen an mwen imid e li resevwa lè.
4- Ou pa dwe mete yon kilòt 2 fwa sou ou si’w pa lave li. Rezon an se paske kilòt an kontak dirèk avèk po’w, li absòbe tout sa pou’w rejte tankou swe, glè, sekresyon, san, kras twalèt etc. Sa vin’ fè yon kilòt son veritab sous mikwòb. Se rezon sa ki fè ou dwe lave yo aprè chak lè’w fin mete yo.
5- Ou pa dwe lave kilòt ou menm jan’w lave tout lòt rad ou, poukisa? Paske a sibstans nou lave kilòt yo se bagay chimik sa ki ka irite po a oubyen pwovoke reyaksyon alèji. Nòmalman nou ta dwe lave kilòt nou a dlo cho pou touye maksimòm de mikwòb, epi fò’n byen mete yo seche nan solèy, sa ankò ap ede nou elimine maksimòm bakteri. Pa bliye lòt rad yo ka fè’l kenbe plis mikwòb.
6- Kilòt n’ap fè espò yo se kilòt espesyal ki fèt pou sa paske lè’w ap fè espò w’ap transpire, sa kreye imidite e imidite sa pral kreye miltiplikasyon mikwòb sa ki ka ba’w enfeksyon. Kidonk ou pa ka fè espò a nenpòt kilòt.
7- Ou dwe chanje tout kilòt ou chak ane, menm si yo pa ize selon pwofesè an mikwobyoloji Philip Tierno. Annou gade poukisa: rezon an se paske malgre’w lave kilòt ou, gen yon kantite mikwòb kap toujou rete. Yo konn anviwon 10 mil mikwòb ki rete men majorite mikwòb sa yo pa danje pou sante fi an. Konsa genyen ki konn danje pou fi an pami yo gen E. coli, astafilokòk, ak anpil lòt.
8- Prefere’w mete kilòt an koton ke kilòt sentetik, paske kilòt an koton an kenbe mwens chalè. Vajen an ap mwens imid epi lè plis antre kilòt koton an kidonk vajen an ap kenbe mwens imidite.
9- Pa kite bikini yo fè anpil tan sou nou. Rezon an se paske lè’w ap benyen vajen an vin imid. Lefèt ke’w kite bikini an fè anpil tan sa vin’ kenbe imidite sa, nou konnen deja dega imidite an ka koze.
10- Ti pòch nou wè ki nan fouk kilòt an koton yo se pa pou sere anyen. Yo la pou kenbe mikwòb k’ap soti nan vajen an pou anpeche mikwòb sa yo miltipliye, epi li anpeche kilòt la fwote a po bouboun ou poul pa irite li.
Si ou rive la, di nou kisa’w panse de leson sa nou te pote pou ou a.
Thank you great post. Hello Administ .Sweet Bonanza Websitesi için Giriş Tiklayin. Sweet Bonanza
gülyalı escort