Men kòman pou sove lavi yon bebe k’ap toufe.

Anpil paran ayisyen si yo te konn ti teknik sa yo bebe yo pa tap mouri. Pa kenbe konesans sa pou kò’w. Pataje tèks sa pou plis ayisyen ka jwenn konesans. Anpil fwa nan lopital yo bebe yo konn rive tou mouri swa paske’l vale yon bagay paran pa’t prete atansyon. Oubyen tou se nan manje paran mal pozisyone’l epi’l paka respire. Men podjab yo pa konn jès pou yo fè pou sove’l. Si yo gentan rive bonè lopital yo ka sove li. Men malerezman pakou an konn long bebe an konn rive tou mouri.

Kisa ki ka koz bebe a toufe?

Sa’k rive se paske gòj ou gen 2 tib ki akole, youn pou lè w’ap respire an pase pou desann nan poumon, lòt la pou sa’w ap manje desann nan estoma. Sa konn rive konn gen move wout olye’l desann nan estoma’w li desann nan poumon, e konn koke nan tib sa lè sa lè paka pase. Sèvo bebe an ap soufri paske’l paka jwenn oksijèn, si anyen pa kouri fèt an ijans lap mouri.

Sign k’ap alète’w ke bebe an ap toufe

  • Detrès sou vizaj li.
  • Bouch li rete ouvè li paka pale e l’ap bay yon son ki egi.
  • Kenbe gòj li a men li.
  • Li pa respire , li pa touse, li vin tou wouj e menm ble.
  • Li konn pèdi konesans.

Kisa’w ka fè nan ka sa?

Teknik la senp se sa yo rele la technique de Heimlich, gade kòman li ye nan foto a.

Technique de Heimlich
  • Premye sa pou’w fè lè’w remake ke bebe an gen yon bagay kap toufe’l e ke l’ap touse pou’l jete’l, pa souke’l ni tape do’l. Swiv li, men si’w wè’l paka respire l’ap goumen pou jete’l, ouvri bouch li pou’w wè si’w ap wè bagay sa. Sitou pa al antre dwèt ou nan gòj li pou pa pouse’l antre pi fon.
  • Aprè pran bebe an mete’l sou vant sou bra’w de fason pou bra’w pase nan mitan janm li, mete men’w soutni vizaj li, ou ka itilize kwis ou tou kòm sipò. Panche tèt li anba epi avèk pòm men’w, bali 5 tap fèm nan mito de zo do li.
  • Si bagay la pa sòti toujou. Eben retounen bebe an sou do, pandan’w ap pase sou lòt bra, panche tèt li anba pandan’w ap soutni’l dèyè kou’l, plase de dwèt prèske anba ti kè li jan w’ap gade nan imajla, apiye fèm epi fè yon presyon monte pouse al nan gòj li. Si’w santi objè an pouse’l monte, fè jès sa 5 fwa pandan’w ap gade bouch bebe an si’w wèl parèt pou’w wè si’w ka retire li.

Kontinye altène ant 2 jès sa yo tap nan do a fè presyon an jiskaske’w met bagay la deyò pou bebe an ka respire byen.

Kòman’w ka reyaji si bebe a gen plis ke 1 an?

Plase bebe an devan’w, pou’w santi do’l nan pwatrin ou, fòme yon pwen a yon men anba lonbrit li epi kouvri’l a lòt men an, fè 5 pouse rapid e fèm, yon presyon k’ap fèt anba e anwo pou ka mete objè an deyò. Ou ka fè menm jan a lòt metòd la. Altène ant pouse anba lonbrit la avèk tap nan mitan 2 zo do li yo.

Si malgre tou bebe an pèdi konesans lè sa se rele ijans (116) rapid pou vin pote’w sekou. Annatandan yo rive ou ka fè sa yo rele « reanimation cardio-respiratoire ».

Kijan sa fèt?

Reanimation cardio-respiratoire

Plase bebe an sou yon sifas ki di pandan’w ap pozisyone tèt ou sou lòt bò an pèpandikilè a pwatrin li. Poze yon men sou manton’l lòt la sou fwon’l jan w’ap gade nan imaj la. Baskile tèt li pa dèyè pou’w ka degaje vwa respiratwa yo. Poze bouch ou pou kouvri nen’l a bouch li k’ap ret ouvè e soufle dousman, fò’w asire ke pwatrin li leve lè’w soufle. Kite’l desann pou kò’l anvan’w reprann menm jès la. Fè 5 repetisyon, aprè fè 15 konpresyon nan nivo sternum li.

Altène ant 15 konpresyon e 2 respirasyon bouch a bouch jiskaske anbilans lan rive. Si bebe an reprann konsyans e kòmanse touse oubyen ap respire mete’l kouche yon bò, e kenbe’l fèm pou’w ede’l respire.

Pou redwi risk etoufman yo ou dwe rete vijilan lè’w ap bay bebe an manje oubyen lè’l ap jwe. Sitou pa kite’l jwe a jwèt ki twò piti paske’l ap gen tandans mete yo nan bouch li. Menm lè’w ap ba’l tete fò’w byen pozisyone tèt li.

Norbrun Kerry Care-ry

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook