10 bagay pou’n pa fè avèk ti bebe ki fenk fèt, ki nimewo ou pa’t konnen?

Yon ti konesans anplis ka sove anpil vi ti bebe pa neglije li e pataje tèks sa pou plis paran a moun ki gen pou paran atenn e jwenn konesans. Men 10 bagay pou’n pa fè avèk ti bebe ki fenk fèt.

1- Pa sèvi a poud de talc , yo konn relel poud pou bebe, li trè an vòg ke yo itilize pou seche dèyè bebe yo, e pou bay bon sant lè’n fin chanje bebe yo kouch. Jounen jodi a li dekonseye pwiske yo remake talc la ka bay bebe an pwoblèm poul respire, veye si poud bebe nap sèvi yo gen talc pou nou pa itilize yo.

2- Pa benyen ti bebe yo a pwodwi pafime tankou: savon , chanpou, ben mousan ki pou granmoun. Yo gen twòp ajan chimik, ki ka irite ti po frajil bebe an, prefere nou itilize ti savon a ti chanpou ki fèt pou bebe.

3- Pou kòd lonbrit li ka sèch pou yo tonbe fò’n pa kouvri kòd lonbrit ti bebe yo avèk daypè oubyen kouchèt pou’n pa konprime yo. Fò’n kenbe kòd lonbrit la sèk aprè’n fin benyen yo, seche’l pou evite kòd lonbrit li enfekte.

4- Pa janm kite bebe yo dòmi sou vant se sou do pou yo dòmi, paske si fas li jwenn a kabann nan l’ap toufe li pap gen ase fòs poul vire sou do. E se youn nan rezon ki koz anpil ti bebe mouri nan dòmi an Ayiti paske lakay nou, nou pa vle mete yo dòmi sou do nou konn di y’ap vale dlo dan, se pa vre paske depi bebe ap dòmi kantite saliv la diminye.

5- Lè n’ap lave tèt bebe yo fè atansyon pou’n pa fwotè twò fò ti twou nou konn wè devan a dèyè tèt bebe yo, pou’n pa andomanje siti nan zo tèt li ki ka gen konsekans pi devan sou li. fwote dousman, rense’l, lè n’ap seche tèt bebe yo, tapotel tou dousman avèk yon ti sèvyèt.

6- Lè n’ap siye dèyè yo evite ti mouchwa imid santi bon yo, a koz de imidite ki genyen ladan yo. Yo ka irite dèyè bebe yo, pou evite sa byen siye dèyè bebe yo a yon ti sevyèt taponen’l dousman epi byen seche dèyèl. Pou netwaye ti pati jenital (koulout a ti bouboun) bebe an, itilize dlo a savon ki fèt pou bebe, epi byen seche’l a yon sèvyèt ki pwòp.

7- Pa redi kale ti peni ti gason yo lè’w ap netwaye peni yo, gen timoun ti peni yo pran tan pou kale. Ou pa bezwen pè, yo gen jiska 3 zan pou’l kale pou kò li.

8- Bebe an bezwen chalè se vre men pa kofre yo. An Ayiti nou gen tandans kofre bebe yo a gwo rad n’ap di pou fè yo djanm, se sak fè nou konn wè yo gen yon bann ti bouton ki pouse sou yo sa nou rele fet chalè an , evite met twòp rad sou yo.

9- Pa kite bebe yo dòmi a bibwon lèt nan bouch yo sa ap detwi emay dan bebe. An tan nòmal saliv la netralize tout asidite nan bouch bebe an. Lè bebe an ap dòmi kantite saliv la diminye li pa fè travay jan pou’l ta fè’l, se youn nan rezon nou konn wè anpil timoun gen dan karye.

10- Pa bay bebe yo siwo myèl avan laj 1 an, siwo myèl yo konn gen spò mikwòb ladan yo ki ka san danje pou granmoun nan, pa kont yo konn devlope nan trip ti bebe an e bay sa yo rele « botulisme infantile » ki ka menm touye ti bebe yo.

Norbrun Kerry Care-ry.

Aidez-nous en partageant l'article ! Sipote nou, pataje atik la ak tout moun!
5 thoughts on “10 bagay pou’n pa fè avèk ti bebe ki fenk fèt.”

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Facebook