DEPI OU GEN MOUN OU KI MOURI MÒ BAL OU LÒT MÒ SISPÈK, TOUJOU FÈ DEMACH POU OTOPSI KADAV LA FÈT ANVAN LI ANTERE: POU KI REZON?
Byen souvan depi gen yon moun yo touye nou toujou konn tande yo fè otopsi kadav la anvan yo antere li. Men anpil moun ap mande pou kisa yon moun mouri deja yo oblije fè demach pou otopsi kadav li, sa vle di pou mete kouto sou li e fann li.
Otopsi oubyen egazamen post mortem ou » necropsie » soti nan grek autopsia ki vle di an fransè » vue par soi même » se yon egzamen obligatwa ke lajistis konn mande pou yo fè sou yon moun ki mouri sispèk.
Genyen bon diferans ant otopsi ak sa yo rele an fransè » Dissection ». Diseksyon an se otopsi mediko syantifik ki pèmet fè diagnostik ak fè rechèch sou yon kadav . Otopsi médiko legal la , se lajistis ki pou mande pou yo fè sa pou kapab etabli koz lanmò a e pou detèmine eta sante moun nan te ye anvan li mouri.
Yon moun pa ka deside pou kont ou pou al fè yo fè otopsi moun ou ki mouri. E pèsonn moun pa ka anpeche leta fè otopsi yon kadav menm si se te fanmi ou .
Ki kote yo fè otopsi yo?
Gen yon enstitisyon ki rele » institut medico- legal » ki se yon òganis sante ki o sèvis dwa ak la jistis , li te kreye nan dat 31 mas 2000 aprè siyati yon konvansyon ant ministè lajistis ak ministè sante piblik, se nan institi sa yo fè otopsi kadav yo.
Eske yon paran ka anpeche yo fè otopsi fanmi yo ?
Non, se lajistis k’ap deside si dwe genyen otopsi.
Èske fanmi lan ka gen rezilta otopsi a ?
Apre otopsi a medsen ekspè ki fè’l la ap redije rapò li e remèt li bay Majistra oubyen komisè ki te mande’l fè’l la. Fanmi an ka mande la jistis pou ba li konklizyon otopsi sa. Medsen lejis la pa gen dwa bay li.
Kisa otopsi a ap detèmine?
Pwosedi otopsi a fèt pou detèmine 4 bagay espesifikman : koz lanmò a, lè moun nan mouri a, si gen mak ak domaj sou kò kadav la e domaj maladi bay e ki tip de mò èske se swisid , omisid, koz natirel.
Kijan otopsi à fèt menm?
Men kijan otopsi à fèt:
- Enstiti mediko legal jwenn demand lajistis
- Yo transpòte kadav la nan mòg lopital jeneral
- Medsen lejis la fè preparasyon e li komanse fè egzamen ekstèn kadav la pou wè si li pran kou si gen sikatris
- Radyografi kadav la pou wè si gen zo ki frape
- Egzamine vajen ou peni kadav la pou wè si gen siy agresyon seksyèl
- Pran echantiyon san pou wè si moun nan te pran dwòg oubyen alkòl oubyen si se pwazon ki touye’l
-Medsen an fann moun nan avèk yon bagay ki rele scapel pou yo analize anndan moun nan. Si se bal li pran pou gade dega bal la fè e retire bal la pou bay lajistis - Verifye tèt moun nan pou wè si li frape nan tèt apre sa ouvri kràn nan e retire sèvo a pou egzamine Li.
- Pou fini medsen lejis la fòmile sa’l wè apre egzamen e pwodui rapò li pou di ki koz lanmò a.
Depi’w gen yon moun ki mouri ou sispèk se pa mò natirel li vrèman enpòtan pou fè suivi pou mande lajistis pou li òdone yo fè otopsi a. Paske si yo arete moun fòk komisè a pwouve koz lanmò a e montre relasyon zak moun yo arete yo ak kadav la. Se rapò enstiti médico legal la ki ap ede lajistis kondane sa ki merite kondane.
Se atik 34 kòd denstriksyon kriminèl la ki di komisè a dwe fè’l akonpaye de medsen ki pou fè rapò sou koz lanmò a ak eta kadav la. Pa bliye se pa nenpòt medsen ki ka fè otopsi fòk medsen lejis sa prete sèman pou sa.
free chatting online dating sites online free dating personals
for singles absolutely free personals 100% free dating site in europe
narrative essay writing help community service essay sample professional essay writing help expository essay help
college admissions essay help online essay writing help best admission essay editing service the best essay writer
using essay writing service i need help writing a compare and contrast essay custom
order essays help writing essays
When children younger than 10 years old have HBP it s usually a side effect of another condition buy cialis online in usa
top 100 dating websites 2020 personal dating ads single websites for over 40 online marriage sites in usa
You must execute it, After more than ten teleportation, natural alternatives to beta blockers the two finally had no energy to teleport any more buy finasteride in singapore
B Equal numbers of MNT 1 cells treated with the indicated doses of YM or Apilimod were pelleted priligy side effects
A seroma will look like a swollen lump under your skin where can i buy priligy in usa